1 Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la. Wayne? Tankou Gout Lapli?

Similar documents
Word Workout. Dear Family Member: WORDS TO KNOW SPELLING WORDS. This Week s Skills

Conference at a Glance

Project RENEW. Renew your life in America... start with us! Refugees Entering New Enterprises and Workforce

SCHOOL FOR LEGAL STUDIES

Transforming Education One Student at a Time School Wide Title I School

Haitian-English. Medical Phraseology. Bryant C. Freeman, Ph.D. La Presse Evangélique. Institute of Haitian Studies University of Kansas

Gaining Familiarity with Haitian Creole

Haitian Creole for Health Care Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante. Marc Prou & Mel Schorin

Think. Plan. Act. Piense. Planifique. Actúe. Panse. Planifye. Aji. Your Guide to Hurricane Readiness

October 2013 May Rider s Guide. All Bus Routes, Schedules & Fold-Out System Map included. Palm Beach County Board of County Commissioners

Palm Tran Rider s Guide

DEPARTMENT OF ECONOMIC OPPORTUNITY Reemployment Assistance Appeals THE CALDWELL BUILDING 107 EAST MADISON STREET TALLAHASSEE FL

The World of Vodou Songs

DEPARTMENT OF ECONOMIC OPPORTUNITY Unemployment Compensation Appeals THE CALDWELL BUILDING 107 EAST MADISON STREET TALLAHASSEE FL

PLAINTIFFS SECOND RE-NOTICE OF TAKING DEPOSITION OF DEFENDANT HOLY GHOST FATHERS COMPASSION FUND VIA VIDEOCONFERENCE

Rider s Guide. Updated Bus Routes and Schedules Fold-Out System Map Included. Effective October

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

Managing Complexity: Implementing an Ecosystem Restoration Program*

CAMINOS. Alicia M. Romero

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

ONE IN FAITH. ONE IN HOPE. ONE IN CHARITY UNIDOS EN LA FE. UNIDOS EN LA ESPERANZA. UNIDOS EN LA CARIDAD YON SÈL NAN LAFWA. YON SÈL NAN LESPWA.

Pwogram fòmasyon GI BMP Fèy revizyon

LIVRE SOU RESOUS POU FANMI AK KLIYAN

GRIF an tè POU NOU SANBLÉ ÈK APIYÉ ANLÈ PWA KÒ NOU

1.- L a m e j o r o p c ió n e s c l o na r e l d i s co ( s e e x p li c a r á d es p u é s ).

VI BIBLIK KARAKTÈ SEKSYÈL IMÈN

South Florida Everglades Ecosystem Restoration Program

STATE OF FLORIDA REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION ORDER OF REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION

SCO TT G LEA SO N D EM O Z G EB R E-

JCUT-3030/6090/1212/1218/1325/1530

Santa Rosa District Schools Family Guide Connecting Parents and Guardians to Santa Rosa s Public Schools

Your Library. It s Way More Than Books!

Put the human back in Human Resources.

Comprehensive Everglades Restoration Plan (CERP) Broward County Water Preserve Areas (BCWPA)

GAO COMPREHENSIVE EVERGLADES RESTORATION PLAN. Additional Water Quality Projects May Be Needed and Could Increase Costs

Kreol Language Training Program

Scholarship Help for Technology Students


Artificial Intelligence for Social Good! Robert Munro! Idibon! CS 124 / Ling 180:! From Languages to Information! Stanford! January 2015!


C + + a G iriş 2. K o n tro l y a p ıla rı if/e ls e b re a k co n tin u e g o to sw itc h D ö n g ü le r w h ile d o -w h ile fo r

Everglades Restoration Progress

Online Department Stores. What are we searching for?

B rn m e d s rlig e b e h o v... 3 k o n o m i S s k e n d e tils k u d o g k o n o m is k frip la d s... 7 F o r ld re b e ta lin g...

1. Oblast rozvoj spolků a SU UK 1.1. Zvyšování kvalifikace Školení Zapojení do projektů Poradenství 1.2. Financování

JACKSONVILLE DISTRICT

Matona mia cara. SATB a cappella. ca - ra, ca - ra, ca - ra, ca - ra, mi fol - le - ca - ra. mi fol - le - ca - ra. mi fol - ca - ra.

Early Beginnings of Environmental Protection in International Human Rights Law

Understanding the Herbert Hoover Dike Rehabilitation Spillway, Plan 6 and EAA Storage Flow way Alternatives

SAME Mobile Post Industry Day

Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole ( Creole French ) 1

Improving Text Entry Performance for Spanish-Speaking Non-Expert and Impaired Users

CUSTOMER INFORMATION SECURITY AWARENESS TRAINING

AN EVALUATION OF SHORT TERM TREATMENT PROGRAM FOR PERSONS DRIVING UNDER THE INFLUENCE OF ALCOHOL P. A. V a le s, Ph.D.

Indicator Water Levels in Lake Okeechobee

Please IMMEDIATELY call Good Shepherd Hospice for instructions BEFORE signing any enclosed forms. Monday Friday, 8 a.m. 8 p.

The Everglades & Northern Estuaries; St. Lucie River Estuary, Indian River Lagoon & Caloosahatchee Estuary. Water Flows & Current Issues

w ith In fla m m a to r y B o w e l D ise a se. G a s tro in te s tin a l C lin ic, , K a s h iw a z a, A g e o C ity, S a ita m a

Reading Activities for Parents and English Language Learners: Keys to Working Together to Achieve Success

Annual Report H I G H E R E D U C AT I O N C O M M I S S I O N - PA K I S TA N

Information for ServeHAITI Trip Delegates

Sænk kun dit hoved du blomst Senke dein Köpfchen, du Blume, Lay down, sweet flower, your head.

MEDICC Medical Education Cooperation with Cuba. Hesperian Foundation

Using Predictive Modeling to Reduce Claims Losses in Auto Physical Damage

i n g S e c u r it y 3 1B# ; u r w e b a p p li c a tio n s f r o m ha c ke r s w ith t his å ] í d : L : g u id e Scanned by CamScanner

SECTION 9 SUMMARY OF COORDINATION, PUBLIC VIEWS AND COMMENTS

Learn Unifon Spell the Sounds!


Medical Education Cooperation with Cuba. Hesperian Foundation

An E mpir ical Analysis of Stock and B ond M ar ket Liquidity

REPORT ANNUAL C V. f l. WE are OUR. who. tools & training and education. reproductive health access project. creating NEW INITIATIVES

WILSHI RE BOULEVARD LOS ANGELES, C A L I F O P N I A ( ) June 28, 1972

Restoring America s Everglades Progress and Next Steps for Restoring a Treasured Landscape and Sustaining a Way of Life

FY 2015 Workers' Compensation Premiums Comptroller Object 0175

Susan Iott U. S. General Accounting Office. Restoration of the South Florida Ecosystem

Back to Basics. Office of Operations 2013 Fall Conference November 6-7 STATE OF NEW YORK OFFICE OF THE STATE COMPTROLLER


U.S. Department of Housing and Urban Development: Weekly Progress Report on Recovery Act Spending

Update on Aquifer Storage and Recovery

STATE OF FLORIDA REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION ORDER OF REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION NO

calorie kalori Kantite chalè ki nesesè pou ogmante tanperati yon gram dlo pi a yon degre Sèlsiyis. calorimeter kalorimèt Yon aparèy izole ki itilize

Campus Sustainability Assessment and Related Literature

MS Grade 7 Language Arts 2 Through ESOL

e-global Logistics Harald Lundestad February 14, 2001

S e w i n g m a c h i n e s for but t - seams. - c o m p l e t e b r o c h u r e -

Community Eligibility Option: Guidance and Procedures for Selection of States for School Year

Mitel 5000 Communications Platform

DIVISION 1181 A.T.U.

MEDICC Medical Education Cooperation with Cuba. Hesperian Foundation

WELCOME TO HAITI! Welcome to Pignon! Traveler s Manual

State Annual Report Due Dates for Business Entities page 1 of 10

Foresters Advantage Plus Whole Life Paid-Up at 100. Whole Life Insurance. Life Insurance Illustration

A beginners guide to Mauritian Creole. Learn Kreol Morisien

ASCENT TM Integrated Shipment Management

Cynthia So. Alicia Schmidt Camacho. December 18, 2006

HILL YORK PROJECT LIST

Lesson 1: Hiragana. The syllabaries

Florida Legislative Committee on Intergovernmental Relations

ni - do_in che la mia fe - ni - ce

Jan Dec 2016 Training Schedule

Transcription:

Bonswa, non mwen 1 Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la se Wayne, Wayne Drop. Non, se pa gout lapli, Wayne Drop. Zanmi m yo toujou ap anbete m akòz non mwen. Mwen vle di nou kòman m te vin asire pou m pran FSPLAT la. Ki sa FSPLAT la ye, ou mande? Li se yon egzamen enpòtan yon gout dlo ka pran nan lekòl elemantè. Yon mwa anvan egzamen an, mwen te chita nan klas la, mwen t ap tòde. Pwofesè mwen an, madmwazèl Dew Right te wè jan mwen pa t anpè ak jan mwen te enève. Wayne, ou gen yon pwoblèm? li mande. Eskize m madmwazèl Dew Right, mwen reponn, mwen pè pran FSPLAT la. Ou konnen, Wayne, mwen kwè mwen gen yon bagay ki ka ede w. Madmwazèl Dew Right pran yon gid etid nan biwo a epi li ban mwen li. Si ou revize liv sa a sou Everglades la, mwen sèten w ap jwenn enfòmasyon ou bezwen pou pase FSPLAT la, madmwazèl Dew Right di mwen. Pandan mwen t ap li liv la, mwen te kòmanse kontan. Madmwazèl Dew Right, mwen pa ka kwè konbyen m gentan aprann de Everglades la. Wayne? Tankou Gout Lapli?

1 Ti Gout Dlo: Menm si gen tout kalite nyaj, se dlo ki fè tout nyaj. Pafwa, yo fèt ak ti gout dlo van an kenbe ansanm. Lòt fwa, yo se plizyè gwo gout dlo van an fè rete ansanm. Lè tanperati nan nyaj la vin twò frèt, ti gout dlo yo vin twò lou pou rete an lè a, yo tonbe sou latè a an fòm lapli. Si l fè frèt ase, yo tonbe an fòm nèj. 2 Mo Vokabilè: Pwa se yon fòs natirèl ki deplase bagay anlè nan mitan latè. Wow, se bèl bagay Wayne, kòman ou fè gentan konnen tout bagay sa yo osijè Everglades la? Ou te gade l nan televizyon? Non madmwazèl Dew Right, mwen te vwayaje nan yon pati nan Everglades la, de fwa! Mwen te wè anpil nan bagay say yo ak de zye mwen. Mwen te télman kontan, mwen pa t ka kenbe kòm. Wow, Wayne, sa vrèman bèl! Pouki w pa rakonte klas la de bèl vwayaj ou nan Everglades la? Mwen santi m tankou lontan, mwen kouri vit ale devan klas la epi mwen kòmanse rakonte elèv yo vizit mwen an nan Everglades. Yon aprèmidi cho lete dènye, mwen ak zanmi m yo t ap navige sou lanmè a pandan tan an te pare. Sanzatann, van an pran vante fò epi nou monte nan van sovaj la anba nyaj nwa yo. Tank nou t ap monte pi wo nan dlo a, se tank nou t ap vin pi frèt jiskaske vapè dlo a fonn nou an ti gout dlo. 1 Tankou yon woulib perèz, yon pwa 2 rale nou desann nan nyaj yo ale atè a epi zeklè te klere alantou nou. Pandan nou t ap tonbe, mwen te wè lak ki sanble detire byen lwen. Mwen ak zanmi m yo te ale bò kòte yo rele rejyon Kissimmee gòlf 3 Everglades lwen nan nò. Nou plonje dwat nan Lak Turkey a nan lwès sou gwo pak amizman nan Florid Santral la. 3 Gòlf se yon kote nan latè dlo rasanble, koule epi tonbe nan yon rivyè, bè, lak, oubyen lanmè. Florid la gen senk gòlf prensipal. Nou pral aprann de gòlf lwen sid la ki kouvri ant Orlando ak Florida Keys epi de Oseyan Atlantik ak Gòlf Meksik. Gòlf sa divize an twa rejyon: Kissimmee, Okeechobee ak Everglades. Èske w konnen pafwa gòlf sa rele KOE gòlf, li kouvri 16 depatman epi li se kay pou plis ke 5.5 milyon moun? Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la 2

MOUN KAP RETABLI The U.S. Army Corps of Engineers Li te bèl! Te gen anpil pwason tout gwosè, tout fòm, tout koulè. Yo t ap naje bò kote nou, plonje ale vini nan fèy yo epi yo t ap pouse nou, pike nou. Nou deside pou nou rejwi vwayaj la. Nou te naje andedan yon lak difisil yo rele Chèn Lak Kissimmee, anvan lontan, nou te pase byen vit an sid nan Rivyè Kissimmee an. Bèl rivyè sa te konn koule dousman pou 100 mil. Inondasyon an te gen yon lajè ant youn ak 2 mil. Tè sa yo te toujou neye anba dlo. An 1954, pèp Florid yo te mande gouvènman Etazini an pou fè yon pwojè pou anpeche inondasyon nan kominote a. U.S Army Corps of Engineers la 4 chanje fòm rivyè yo, yo fouye yon kanal 300 pye nan lajè ak 30 pye nan longè. Kanal la te anpeche inondasyon ak marekaj ki te kote kanal la tè sèch yo. Apre anpil ane pase, rezidan yo dekouvri ke chanjman nan larivyè a te gate sistèm nan. U.S. Army Corps of Engineers ap travay avèk lòt òganizasyon pou repare pati nan Rivyè Kissimmee an ak marekaj ki bò kote l yo. Pyebwa natirèl ak zwazo yo gentan retounen nan pati ki deja repare yo. Pandan mwen t ap rejwi bèl woulib nan Rivyè Kissimme an, mwen te santi yon chòk. Apre sa tout bagay te vin brital, mwen te santi kòmsi yon bagay t ap mate mwen tankou yon boul ping pong. Mwen te realize touswit mwen te sou ke yon gwo pwason ki te pran nan zen epi yo t ap rale li soti nan dlo a. Pwason an te fache! Li tèlman t ap goumen lè yo t ap rale l soti nan dlo a, li voye m jete sou rivaj la. Bondye pou mwen, yon fèy sèvi mwen kousen; men mwen te manke fonn 5 ankò nan lè a. Poutèt sa, mwen pa t kontinye vwayaj mwen nan Rivyè Kissimmee an. 4 Okòmansman 1900, anpil chanjman te fèt nan environman an pou ka gen tè pou kay ak jaden. Bagay rezidan Florid yo pa t konsidere se siklòn, sechrès, ak lavalas natirèl rivyè yo. Lè siklòn 1928 la te frape Florid, anpil moun te mouri. Apre plizyè inondasyon an 1947, rezidan yo mande Kongrè pou ba yo pwoteksyon kont inondasyon. Yo te voye U.S. Corps of Engineers pou bati kanal de 1,400 mil, bodmè, ak kontwòl dlo pou kontwole ekoulman dlo a. Pyès moun pa t konnen ke chanjman an t ap dangere pou environman natirèl la ki depann de dlo a chak sezon. An 1992, travay te kòmanse fèt pou korije erè sa yo te fè dan lepase a. Kongrè te fè e apwouve Plan Konpreansif pou Repare Everglades la. Plan sa tèlman konplike, l ap pran 30 an pou l fini epi fò gen koreksyon nan mitan pwosè a. 5 Kous Dlo: Evaporasyon ak Transpirasyon Kondensasyon Presipitasyon 3 Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la

6 Endyen Miccosukee ak Seminole yo te rele sid Florid la kay yo. Yo te vwayaje nan kannòt. Yo te konn vwayaje soti nan vilaj yo pou ale nan jaden nan zile pou yo chase bèt. Yo fè lòt vizit pa okazyon nan vil la pou boukante bagay ak lòt etranje Florid yo. Bò 1960 yo, te gen yon chanjman ki te fèt, tan ak distribisyon dlo afekte jan Ameriken natif-natal yo t ap viv. Yo pa t kapab vwayaje nan kannòt ankò. Alonzo di Wayne, sa te bèl, Pale nou de dezyèm vwayaj wa nan Everglades la. Dezyèm vwayaj mwen an se te an prentan dènye, mwen ak paran mwen te koule nan Rivyè Kissimmee an nan mitan rejyon gòlf Everglades la pou n ale nan yon reyinyon dè paran. Mitan rejyon sa a rele Lak Okeechobee. Seminole yo ak Endyen Miccosukee yo 6 rele l Gwo Dlo paske li detire an 730 mil kare prèske lajè 800,000 tèren foutbòl. Pandan twazyèm maten an t ap apwoche, enpe nan nou t ap pase dousman nan mitan plant yo anba dlo a. Anvan m te rann kont s ak t ap pase, yon bokal klè ranmase nou. Pandan li t ap leve nou pi wo, nou te vin fas a fas ak yon fanm ki etidye lasyans nan South Florida Water Management District la. 7 Li t ap pran dlo pou al teste pou ph 8 ak pwodui chimik tankou fosfò ak azòt. Li t ap teste pou te wè si fatra nan lòt tè yo afekte balans Everglades la. Lè li te fin fè tès la, li te netwaye bokal la epi li te lage nou nan kanal la tou dousman. PATRON YO PATRON YO 7 South Florida Water Management District (SFWMD) se yon patnè ak gouvènman federal nan yon efò pou repare Everglades la. Ajans sa gen responsablite lokal pou bay dlo ak pwoteksyon kont inondasyon, epi pou dirije dlo ki nouri sistèm natirèl la. Lòt patnè ki fè pati de plan pou repare Everglades la se Florida Departments of Environmental Protection and Agriculture, Seminole ak Miccosukee Indian Tribes ak lòt ajans lokal. South Florida Water Management District la egziste depi senkantan pou sèvi kòm yon patnè pou gouvènman federal la pou ka dirije pwojè kont inondasyon nan tout sid Florid la. Kanal, bodmè, ak estasyon ponp pote dlo fre alantou rejyon an lè gen bezwen. Sistèm sa kenbe kay ak jaden yo sèch lè gen anpil lapli epi li bay dlo pou moun ak jaden. Youn nan responsiblite enpòtan ajans la, se pou bay moun, jaden, ak enviwonman natirèl yo bon dlo fre jodia ak nan fiti. Ajans sa se youn nan senk deranje dlo nan eta Florid la. Li pi gwo epi li la pi lontan. Plas li a genyen pi gwo sistèm Everglades ki alonje soti nan tèt dlo a tou pre Orlando ale nan branch yo ak Florida Keys la. Ajans la gen plizyè ofis, men ofis prensipal li a se West Palm Beach, FL. 8 Balans ph la klase de 0, pi gwo asid la, a 14, pi gwo baz la. Dlo pirifye rete nan mitan balans la ak yon ph 7. Asid dou tankou ji sitron ak vinèg yo gen gou si, pandan baz dou tankou kloròks yo gen yon gou savon. Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la 4

Kèk tan te pase, li te kòmanse fè frèt epi van an te kòmanse vante. Anpil dlo t ap soti nan syèl la. Nou t ap naje ansanm, nou tèlman fè lanmè a move, mwen te panse nou te monte sou tèt barikad dlo ki gen otè 34 pye ki antoure Lak Okeechobee a. sanzatann, enpe ta prale agoch epi enpe ta prale adwat. Nou pa t konnen ki direksyon nou ta prale. Lè Lak Okeechobee an resevwa anpil dlo, moun yo lage enpe nan dlo a nan Rivyè St. Lucie a, bò kote lès lak la oubyen bò kote lwès nan Rivyè Caloosahatchee a. Nou te wè poukisa moun yo te vle pwoteje katye yo kont inondasyon pandan move tan ak siklòn! Gòlf Kissimmee an voye anpil dlo nan Lak Okeechobee a. Vizit nou an te entèwonp lè South Florida Water Management District la te ouvè pòtay kanal 9 yo bay Rivyè Caloosahatchee a li te pouse nou lwès nan Gòlf Meksik la. Onfwa ankò, mwen pa t kapab fini tout vwayaj la nan gòlf Everglades la. 9 Kanal yo pouse dlo. Dlo a koule nan kanal yo a lèd de ponp yo, (kòm nou wè nan foto anlè a) ou tou senpleman pa fòs natirèl. Abilite pou pouse dlo kote ki bezwen, bay yon enpòtans fleksib pou kontwòl dlo. 5 Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la

10 Mo Vokabilè: Resous Dlo = Yon mannyè pou mete dlo nan tè sèch pou ede pyebwa yo grandi. Lè m te vin ak dezyèm istwa mnan, mwen te wè Tanesha leve men l. Ou gen yon kesyon pou Wayne, Tanesha?, Madmwazèl Dew Right mande. Non, men istwa Wayne nan fè m sonje yon ti vwayaj mwen te fè nan pati Agrikilti Everglades la. Pale nou de li! lòt elèv yo di. Tanesha rakonte istwa jan moun plante manje. Mwen t ap balanse nan Lak Okeechobee a epi mwen te deside pou m te ale nan youn nan barikad dlo ki antoure lak la. Mwen koule sid nan yon gwo kanal, apre sa mwen koule nan yon ti kanal jiskake yon tiyo te vale m. Woo Hoo! Mwen te ateri nan yon jaden ki te antoure ak pye kann. BON! Mwen te koule anba tè a jiskaske yon rasin te bwè m. Apre sa, mwen vin parèt anlè nan fèy yo. Vwayaj la te fini ak transpirasyon, mwen te tounen vapè dlo ki te soti nan yon ti tou anba fèy yo epi mwen te ale nan lè a. Men wi mwen retounen nan nyaj yo ankò! Tanesha te fè nou konnen si pyebwa yo pa jwenn ase dlo, yo ka mouri, alò, kiltivatè yo itilize sistèm resous dlo 10 pou asire ke plant yo jwenn dlo yo bezwen pou rete anfòm. Kèk ladan yo, se lòm ki kreye yo, jaden yo tou bezwen manje tankou azòt ak fosfò. Yo ka jwenn dlo pwòp ki gentan itilize deja alaplas dlo fre. Resèvi ak dlo ki itilize deja bon anpil paske li genyen nouriti zèb yo bezwen epi li konsève dlo fre pou moun benyen ak bwè. Ou konn yon bagay, Madmwazèl Dew Right, petèt si m fini vwayaj mwen an nan Everglades la, m ap konn repons FSPLAT la. Mwen gen yon ide, kòm nou tout sipoze pase FSPLAT la, an nou tout fè yon vwayaj nan Everglades la, Madmwazèl Dew Right di. Yè! tout elèv yo reponn ansanm. Sa t ap trè amizan! Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la 6

Nou te pase yon nwit san repo, nou pa t dòmi paske nou te twò kontan pou n vwayaje. Nan demen maten, nou pa t ka retann bèl zanmi nou waganègès rive, yon zwazo bwa 11 andanje ki pase chache manje chak maten. Li te Mennen nou nan sid gòlf rejyon Everglades la. Nou t ap vwayaje byen dous, men te gen yon ti soukaj lè zwazo a t ap bat zèl li. Zèl li te pi long pase 5 pye. Sou youn nan plim nwa ki te nan ke li yo, mwen te fè yon vwayaj sovaj, mwen pa t panse mwen t ap chape. Kamarad mwen Misty entèwonp mwen lè li te lonje dwèt li sou yon pantè Florid 12 andanje ki te anba nou. Li di, Gade yon kote ra Nou te vole lwen sid, nou te pase bò kote enpe ponp South Florida Water Management District la ak pyebwa ki te leve nan jaden an. San nou pa t atann, zwazo a te kòmanse desann, li t ap woule, fè anpil ale vini, finalman li te tonbe nan yon pisin. Madmwazèl Dew Right kalme gwoup la epi li te di nou se te dènye stasyon nou. Nou te remèsye zwazo a pou woulib la epi nou te woule soti sou do li ale nan Rivyè Shark Slough Everglades pak Nasyonal la. Lè nou te vire tèt nou pou n gade zwazo a, li t ap mache sou dlo a ak pye long nwa l yo. Li renmen chwazi, li pa renmen peche nan dlo ki twò fon anpil oubyen dlo ki pa fon menm. Li t ap grate tè a ak pye l pou l chache yon bagay pou l manje. Li fouye bèk li nan dlo a pou l raboure. Lè bèk li te kontre ak yon ti pwason, SNAP! Li fèmen li vit tankou yon reflè zeklè. 11 Adaptasyon se yon aspè espesyal ki fè plant yo ak bèt yo viv byen nan anviwònman yo. Zwazo bwa se bèt ki gen aspè espesyal pou rann yo rete vivan nan Everglades la. Manje prensipal yo se pwason. Bèk yo rete ouvè anba dlo, yo fèmen li lè yo rankontre ak yon pwason. Yo beke pi vit pase ou ka bat zye ou. Zwazo bwa yo tankou lòt zwazo yo gen janm long pou ede yo mache nan dlo fon. Fò dlo nan marekaj la nan yon bon nivo pou zwazo yo ka manje ak bati kay yo, alò bèt sa yo enpòtan pou sante Everglades la. 12 Yon ras andanje se yon plant oubyen yon bèt ki nan danje pou mouri. Pantè Florid, zwazo bwa, manatee se enpe nan bèt ki andanje. Èske ou konnen gen apreprè de 15 ras andanje ki depann de Everglades la pou yo viv? 7 Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la

13 Kisa ki sedge la ou mande? Li se yon plant moun pran pou zèb wo. Men li genyen fèy triyang, zèb yo gen fèy won. De fèy plat sedge yo fòme yon fòm V. 14 Sawgrass se yon sedge epi li se yon zèb dominan nan Everglades la. Li gen non sa paske pwent li ak mitan li file tankou goyin. Pandan nou t ap flote nan dlo a, nou te frape avèk enpe sedges 13 file. Kamarad mwen yo t ap ri paske yo te wè kòman mwen te pè anviwònman sa. Madmwazèl Dew Right te esplike nou ke kote sa rele sawgrass marsh. 14 Dlo kote sa pa janm fon epi li sanble gen bèt tou patou. Enpe bèt t ap naje nan dlo a, enpe t ap mache. Nou te repoze sou kèk lyann 15 pwofesè a te di nou yo trè enpòtan, yo netwaye dlo a, retire phosphorus. Apre repo a, nou pouse, grate, frape an wout nan pwent Sawgrass la jiskaske nou rankontre avèk moun k ap pwoteje forè yo. Li t ap esplike vizitè yo poukisa kote sa te rele Shark River Slough. Li te di reken?! youn nan kamarad mwen yo te mande, Pa gen pyès reken nan dlo a; yo rele li konsa paske dlo fre nan Everglades ale nan Rivyè Shark la. Rivyè Shark la kontre ak dlo sèl ki nan Bè Florid la epi li fè dlo sale. Sa kreye yon bon plas pou reken yo fè pitit. 16 15 Yo itilize abilite pwòptay natirèl lyann nan pou netwaye dlo nan andwa tretman ke lèzòm kreye kòm yon pati nan retablisman Everglades la. Se pa tout nan lyann yo ki bon. Yon move lyann, natif natal nan Osean Pasifik la ap grandi epi l ap gate pati nan zèb lanmè a nan Florid la. Twòp manje kontribye nan move devlopman lyann ki genyen pwazon pou fè vye dlo wouj sal. PWOTEKTE YO 16 Sid Florida la gen kat pak nasyonal lakay li: Pak Nasyonal Everglades, Pak Nasyonal Biscayne, Pak Nasyonal Dry Tortugas, ak Big Cypress National Preserve. Pak Nasyonal Everglades la kouvri 1.5 milion akre, li te etabli an 1947. Pak la gen zèb, pyebwa, tèren, rivyè, ak rasin bwa. Pak Nasyonal Everglades la pran non li an 1980, yon plas kote anpil tè, anpil pyebwa, Bé Biscayne, ak flè rete. Pak Nasyonal Dry Tortugas la se yon grap de sèt il ki fèt ak flè ak sann. Anpil moun rekonèt plas sa akoz de zwazo, bèt nan lanmè ak lejann li yo. Ponce De Leon te dekouvri li an 1513 epi li ba li non Pak Nasyonal an1992. Big Cypress National Preserve la te etabli an 1974. Li se yon marekaj ki ale anvan nan rivyè yo epi apre nan 10,000 zile. Li rekonèt akoz de gwo pyebwa mapou li yo ki gen gwo kòf sipò. Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la 8

Nou te gen yon ti soulajman, lè nou voye je nou lòtbo nou te wè yon tòti ak vant wouj sou yon bout bwa. Sazatann SNAP Madmwazèl Dew Right manke disparet tèlman li te sezi, nou te tonbe ri. Yon gwo bèt soti, li te pran tòti a ak fòs nan bouch li! Kayiman ki gen anpil fòs la, se mèt Everglades la, Misty di. Mwen pa t ap jwe ak yon bèt ki gen 80 gwo dan avèk anpil fòs nan bouch li! Pandan nou t ap flote ansanm, mwen te wè lòt kayiman ki ta ap chofe kò yo nan solèy la. Ou vle betize? Misty di. Ummm Mwen ezite. A kisa w ap panse? Ann al gade kote fimye soti, Misty di. Kisa?! Si se nan zwazo oubyen nan chovsouri li soti, li rele fimye! Ah Wayne Drop. M ap pale de twalèt! Èske w konnen gen enpe moun lasyans ki etidye twalèt? Juanita mande. Evre wi, Jose di. Pa egzanp, yo koupe vant koukou yo pou yo chache zo tèt ak lòt zo pou ka konnen ki kalite bèt koukou yo te manje. Eske w konnen yon sèl bèf ka twalèt 120 liv pa jou? Jamal di. Eouw! Sa se twòp enfòmasyon pou zorèy mwen Christopher di. Òkid zonbi a se yon flè ra san fèy ki pran imidite, gaz kabonik, ak lòt eleman nan lè a. Li pa nouri tèt li sou plant li grandi a epi li pa bezwen tè poul viv. Li pa gen ni branch ni fèy. Lè plant la pap fè flè, li sanble ak fil arenye zèb vè ak gri. Òkid zonbi a dwe itilize rasin li yo pou l absòbe dlo ak limyè, fabrike pwòp manje pa li nan dlo ak gaz kabonik, itilize limyè kòm yon sous denèji. Gwo mit Sphinx la gen yon lajè zèl de 6 pous epi li esansyèl nan lavi òkid zonbi a. Li se sèl polinizatè epi nen li tankou chalimo 6 pous eka ki mache pafètman ak tib nekta nan do flè a ki mezire 6 pous. Nenpòt plant ak animal vin andanje lè yo pèdi youn nan bezwen enpòtan yo, tankou dlo, kay ak kondisyon yo bezwen pou repodwi. Nan Etazini, òkid zonbi rete sèlman nan marekaj Sid Florid yo. Pou viv, li bezwen kondisyon imid tankou jaden tè eponj yo kreye, lonbray pyebwa ak dlo, sitou, Gwo mit Sphinx la! 9 Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la

17 Sous dlo se kote dlo fre nan Everglades la kontre ak dlo sale nan rivaj la. Sous dlo se kote gen yon chanjman nan plant yo. Chanjman an vrèman bèl. Gen plant ak bèt ki renmen rete nan dlo fre epi lòt yo renmen rete nan dlo sale. Gen bèt ak plant ki ka viv nan tou de men plis ladan yo prefere youn ou lòt. Pandan nou t ap flote nan sid, mwen remake klas nou an te mele ak dlo sèl pou kreye yon sous dlo sale 17 ki koule nan rasin raje zèb 18 yo. Plant sa yo gen rasin long pou sipòte yo, yo te sanble tankou yo t ap mache soti nan dlo a. Pandan nou t ap rantre nan rasin plant yo, yon ram ranmase nou mete sou yon kannòt epi li te ale nan Bè Florid la. Lè kannòt la ralanti, nou te wè yon lonbraj k ap avanse sou nou. Lè yon gwo nen t ap wonfle te leve sou dlo a, nou te konnen se te zanmi nou manatee. 19 Pandan li t ap avanse pi pre nou, nou glise soti nan kannòt la ale sou do li epi nou te ale nan youn nan dènye wout vwayaj nan Everglades la. Nou te ale dirèkteman devan Florida Keys la, se te yon plas sekrè pirat yo te konn itilize pou sere trezò yo. 18 Nan rivaj Florid la w ap jwenn pi gwo forè raje zèb nan Etazini. 19 Èske w konnen fanmi pi pre manatee se elefan? Manatee se sèlman youn nan 15 animal andanje nou jwenn nan pak nasyonal sid Florid yo. Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la 10

Nou koule anba youn nan pon U.S. Highway 1 yo, mwen te wè bèl pwason jon ak wouj anba dlo a. 20 Klas la t ap diskite kòman ti bèt yo kreye fatra epi kòman kwen ak twou ke yo kreye sèvi kay pou anpil bèt lanmè. Yon pwason ak gwo bouch vire gade nou pandan lòt pwason yo koule pou siveye plas yo. Nou flote pase kote tòti vè yo ki t ap manje zèb lanmè. Nou wè yon gwoup gwo kreyati, yo te ouvè dlo a avèk gwo zèl yo epi yo t ap fè bèl koub anvan yo te koule anba dlo a. Madmwazèl Dew Right te eksplike nou ke bèt sa yo rele dofen, yo se vètebre ki viv nan dlo. Ki sa w vle di? Mwen te mande. Li te di nou dofen yo respire nan yon twou sou tèt yo epi yo gen poumon tankou imen. Madmwazèl Dew Right deside pou nou pran yon woulib sou do bèt sa yo. Nou te amize nou pandan dofen yo t ap plonje koule nan vag yo. Apre yon ti tan, tout amizman yo te kòmanse fatige nou. Madmwazèl Dew Right te deside pou klas la pran yon ti repo. Nou pa t rann kont ke tanperati a t ap monte, nou te tounen vapè anndan yon gwo nyaj ki te plen syèl la. Nou reveye nou wè n ap flote byen wo tè a nan nyaj nwa yo. Nyaj nou yo mache atravè syèl la nan nò, yo pase gwo vil kote moun rete yo. Lè Nyaj yo t ap flote nan bon pozisyon, madmwazèl Dew Right te bay yon sinyal epi nou te tonbe sou tè a an fòm lapli. 20 Lwen Florida Keys la se sèl raje zèb nan North America epi li se youn ki pi long nan lemond antye. Raje zèb yo genyen plis vi diferan pase nenpòt lòt anviwònman lanmè. Yo se pati yon sistèm frajil ki gen lyann ak zèb lanmè ki grandi sou kote lanmè a ak sou kote bè nan Florida Keys la. Florida Keys National Marine Sanctuary te fèt an 1990 pou rekonèt anvirònman enpòtan sa. Sil vou plè pa manyen raje zèb yo 11 Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la

Rivyè Kissimmee Nan demen, madmwazèl Dew Right fè klas la sonje tout bagay nou te aprann nan vwayaj la. Nou te pale osijè etid syantifik la, rankont ak tout kreyati yo ak bèl vwayaj nan gòlf Kissimmee-Okeechobee-Everglades la. Nou te ri lè nou te sonje istwa yo nou te rakonte. Se yon bon bagay lè ou enpòtan, Misty di. Tout klas la dakò. Nou konnen dlo tankou nou enpòtan pou plant yo, bèt yo, moun ak anviwònman sid Florid la. Nou tout remake resous Rivyè Kissimmee an, Lak Okeechobee a, Everglades la, Bè Florid ak Florida Keys la pa menm jan yo te... Jan istwa a fini depann de ou menm ye ayè epi yo p ap menm jan li ye a demen, nou dwe ede kenbe yo ansante. Pandan nou t ap fini diskisyon nou an madmwazèl Dew Right te di nou kòman li te fyè de nou epi li te di nou ke nou te twò pare pou pran FSPLAT la demen. Lak Okeechobee Ki rezilta ou panse Wayne ak kamarad li yo genyen nan FSPLAT la? Klas madmwazèl Dew Right la ta renmen pou rakonte yon istwa. Dekri eksperyans ou nan Everglades la, yon pak, oubyen dèyè lakay ou. Everglades Vwayaj Wayne Drop nan Everglades la 12

Avanse devan yon plas Ou te rete lwen kayiman yo ak koulèv yo. Plas ansekirite Plas ansekirite Rekile dèyè 8 plas Ou te bay yon kayiman manje. Rekile dèyè 6 plas Ou te retire fatra ak pwason nan akwaryòm wa al jete nan yon kanal. Rekile dèyè 5 plas Ou te koupe pye bwa ki te bloke wout ou. Avanse dèyè yon plas Ou te fèmen tiyo a lè w t ap bwose dan w. Plas ansekirite Avanse devan yon plas Ou te li yon liv sou Everglades. Plas ansekirite Lè Wayne genyen, nou tout genyen. Avanse devan 3 plas Ou te obsève, men ou p at nui bèt sovaj yo. Rete kanpe Ou te kite tiyo nan lakou w la ouvè pandan lapli t ap tonbe. Materyèl: Tablo, objè chwa ou (itilize yon ti objè oubyen itilize imajinasyon ou pa egzanp, desine yon ti kayiman oubyen fe yon modèl ak labou), zo. Koman pou w jwe: Chak moun woule youn nan zo yo. Moun ki gen nimewo pi wo a kòmanse avan. Woule pyès la epi avanse objè w la. Lè w ateri nan yon plas, swiv direksyon yo. Lè yon moun fin jwe, yon lòt moun ranplase l. www.evergladesplan.org 1-877-CERP-USA Vwayaj pou repare Everglades America Yon asosyasyon ant U.S. Army Corps of Engineers, South Florida Water Management District, Pak Nasyonal Everglades ak yon pakèt lòt asosye federal, eta, lokal, ak nasyonal. Avanse devan 5 plas Ou te vizite Pak Nasyonal Everglades la. Avanse devan 6 plas Ou te di zanmi w yo li enpòtan pou rezève dlo. Plas ansekirite Rekile dèyè yon plas Ou te nui zwazo nan nich yo. Avanse devan yon plas Ou te redui vitès ou nan plas manatee. Ede Wayne genyen pou l ka vin yon timoun Plas ansekirite dlo a. Avanse devan 7 plas Ou te pote tout fratra al jete lè w te vizite plas natirel la. KOE Al rekomanse Ou te touche plant yo pandan ou t ap plonje nan Plas ansekirite Rekile dèyè 3 plas Ou pran flè sovaj pou manman w nan pak nasyonal la. Rekile dèyè yon plas Ou te kite tiyo ya ouve lè w te fin lave men w. Plas ansekirite Rekile dèyè 3 plas Lam nan bato w la rache zèb ki pa fon anba lanmè a. Rekile dèyè 3 plas Koulèv wa te vin twò gwo ou lage l nan pak la.