ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI



Similar documents
ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

VI BIBLIK KARAKTÈ SEKSYÈL IMÈN

LIVRE SOU RESOUS POU FANMI AK KLIYAN

Haitian-English. Medical Phraseology. Bryant C. Freeman, Ph.D. La Presse Evangélique. Institute of Haitian Studies University of Kansas

SCHOOL FOR LEGAL STUDIES

Project RENEW. Renew your life in America... start with us! Refugees Entering New Enterprises and Workforce

calorie kalori Kantite chalè ki nesesè pou ogmante tanperati yon gram dlo pi a yon degre Sèlsiyis. calorimeter kalorimèt Yon aparèy izole ki itilize

The World of Vodou Songs

Transforming Education One Student at a Time School Wide Title I School

Word Workout. Dear Family Member: WORDS TO KNOW SPELLING WORDS. This Week s Skills

STATE OF FLORIDA REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION ORDER OF REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION NO

STATE OF FLORIDA REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION ORDER OF REEMPLOYMENT ASSISTANCE APPEALS COMMISSION

Gaining Familiarity with Haitian Creole

Conference at a Glance

PLAINTIFFS SECOND RE-NOTICE OF TAKING DEPOSITION OF DEFENDANT HOLY GHOST FATHERS COMPASSION FUND VIA VIDEOCONFERENCE

Your Library. It s Way More Than Books!

CAMINOS. Alicia M. Romero

ONE IN FAITH. ONE IN HOPE. ONE IN CHARITY UNIDOS EN LA FE. UNIDOS EN LA ESPERANZA. UNIDOS EN LA CARIDAD YON SÈL NAN LAFWA. YON SÈL NAN LESPWA.

Rider s Guide. Updated Bus Routes and Schedules Fold-Out System Map Included. Effective October

October 2013 May Rider s Guide. All Bus Routes, Schedules & Fold-Out System Map included. Palm Beach County Board of County Commissioners

Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole ( Creole French ) 1

Palm Tran Rider s Guide

MS Grade 7 Language Arts 2 Through ESOL

Please IMMEDIATELY call Good Shepherd Hospice for instructions BEFORE signing any enclosed forms. Monday Friday, 8 a.m. 8 p.

Artificial Intelligence for Social Good! Robert Munro! Idibon! CS 124 / Ling 180:! From Languages to Information! Stanford! January 2015!

Bryant C. Freeman, Ph.D. SURVIVAL CREOLE. Institute of Haitian Studies University of Kansas. La Presse Evangélique Port-au-Prince

PSC-272: Modern Political Thought Tuesday-Thursday 1:00-2:15, Johns Office Hours: Immediately After Class

Scholarship Help for Technology Students

Haitian Creole for Health Care Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante. Marc Prou & Mel Schorin

1.- L a m e j o r o p c ió n e s c l o na r e l d i s co ( s e e x p li c a r á d es p u é s ).

R,A.A. C. Order No. Referee Decision No.

Matona mia cara. SATB a cappella. ca - ra, ca - ra, ca - ra, ca - ra, mi fol - le - ca - ra. mi fol - le - ca - ra. mi fol - ca - ra.

University of Kuwait Faculty of Allied Health Sciences Occupational Therapy Department

DIVISION 1181 A.T.U.

Santa Rosa District Schools Family Guide Connecting Parents and Guardians to Santa Rosa s Public Schools

DEPARTMENT OF ECONOMIC OPPORTUNITY Reemployment Assistance Appeals THE CALDWELL BUILDING 107 EAST MADISON STREET TALLAHASSEE FL

GRIF an tè POU NOU SANBLÉ ÈK APIYÉ ANLÈ PWA KÒ NOU

FAILURE BY AN OWNER TO ATTACH A COPY OF THIS ADDENDA TO THE TENANT S LEASE WITHOUT CAUSE MAY RESULT IN A FINE OR OTHER SANCTIONS

2013 No EDUCATION, ENGLAND. The Education (Recognised Bodies) (England) Order 2013

Architecture and the Built Environment; building science, civil engineering, construction

World History Course Summary Department: Social Studies. Semester 1

Medical Education Cooperation with Cuba. Hesperian Foundation

DEPARTMENT OF ECONOMIC OPPORTUNITY Unemployment Compensation Appeals THE CALDWELL BUILDING 107 EAST MADISON STREET TALLAHASSEE FL

Recruiting Drafting Technologists and Technicians in Canada, the United States, the United Kingdom and Ireland

i n g S e c u r it y 3 1B# ; u r w e b a p p li c a tio n s f r o m ha c ke r s w ith t his å ] í d : L : g u id e Scanned by CamScanner

TYPICAL IB ENTRY REQUIREMENTS FOR ECONOMICS DEGREE COURSES FOR UK UNIVERSITIES 2013

MS Grade 8 Language Arts 3 Through ESOL

MEDICC Medical Education Cooperation with Cuba. Hesperian Foundation

Advanced Placement (AP ) Social Studies Courses

Online Department Stores. What are we searching for?

Soci250 Sociological Theory

Evaluation of Inquiries about the UIS Environmental Studies Online Master s Degree Program

1 Legba Gran Chemen, we are going. Ago Ago Ye!

2010 No EDUCATION, ENGLAND. The Education (Recognised Bodies) (England) Order 2010

A beginners guide to Mauritian Creole. Learn Kreol Morisien

Bachelor of Commerce (Accounting and Finance) 3 James Cook University Australia

DEPARTMENT OF HISTORY. Add new courses:

TIM GODDARD CURRICULUM VITAE. EDUCATION 2012 Ph.D., in Criminology, Law and Society University of California, Irvine

Columbia University University of Connecticut University of Texas - Austin Indiana University University of Notre Dame X X

Creditor protection Laws for LI and Annuities

QUEEN'S UNIVERSITY BELFAST INSTITUTE OF PROFESSIONAL LEGAL STUDIES UNIVERSITY OF ULSTER GRADUATE SCHOOL OF PROFESSIONAL LEGAL EDUCATION

Introduction to Modern Political Theory

JCUT-3030/6090/1212/1218/1325/1530

Records of the Joint University Council for Social and Public Administration

Reading Activities for Parents and English Language Learners: Keys to Working Together to Achieve Success

The examination fee and all relevant information must be included with the application. Please write in capital letters.

EUROPEAN COURSES OFFERED AT FIU

Annual Report H I G H E R E D U C AT I O N C O M M I S S I O N - PA K I S TA N

Human Heritage A World History 2006

STRUCTURAL GUIDE THE PERFECT PARTNER FOR THE TRADE

UK S # 1 STUDENT ACCOMMODATION SEARCH ENGINE

Moving TIM from Good to Great?

MS Grade 7 Language Arts 2 Through ESOL

HISTORY 3030 WORLD HISTORY SINCE 1500 SYLLABUS

Boxes 1-8 Insurance Companies (arranged alphabetically)

Medical Radiation Practice Board of Australia

SCO TT G LEA SO N D EM O Z G EB R E-

Bachelor of Business Administration (BBA) Degree Completion Program

Copenhagen International School (CIS) Senior School Profile

Proposed Mutual Cooperation Agreement with Tertiary Institutions (MCATI)

I. PREREQUISITES For information regarding prerequisites for this course, please refer to the Academic Course Catalog.

UNIVERSITY TOP 50 BY SUBJECTS a) Arts and Humanities Universities

MBA, University of East Asia. BA; MEd, University of Macau. Sou Kuai Long, Elvo 蘇 桂 龍 BSc, Washington State University; MA, University of Saint Joseph

Information for ServeHAITI Trip Delegates

Initial Entry Registration Procedures Handbook

Post-Secondary Schools Offering Undergraduate Programs Including Arabic Language/Literature. University name Location Degree offered

(Medical Imaging) Conversion

PROGRAM LALIT. Revi LALIT No.116 Septam 2014 KONTENI

Henri Cartier-Bresson/Paul Strand à la Fondation HCB, 2 impasse Lebouis Paris, du 11 janvier au 22 avril 2012 Contact Presse : Jessica

Transcription:

regents in global history and geography HAITIAN CREOLE EDITION GLOBAL HISTORY & GEOGRAPHY WEDNESDAY, JUNE 14, 2006 1:15 P.M. TO 4:15 P.M. ONLY The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI Mèkredi, 14 jen 2006 1:15 pou 4:15 apremidi, sèlman Non Elèv la Non Lekòl la Ekri non w ak non lekòl ou a an karaktè enprimri sou liy pi wo la yo. Epi ale nan dènye paj nan ti liv la, se la w ap jwenn fèy repons pou Pati I an. Pran san w pou w pliye dènye paj la nan kote ki dantle yo tou dousman epi chire paj repons lan. Apre sa, mete enfòmasyon yo mande nan tèt fèy repons lan. Kounye a, ekri non w ak non lekòl ou a an karaktè enprimri nan tèt chak paj ti liv redaksyon an. Egzamen sa a gen twa pati. Ou fèt pou w reponn tout kesyon nan chak pati. Sèvi ak plim nwa oubyen plim ble fonse pou w ekri repons yo. Pati I a gen 50 kesyon ochwa. Ekri repons pou kesyon sa yo nan fèy repons ki apa a. Pati II a gen yon kesyon redaksyon tematik. Ekri repons pou kesyon sa a nan ti liv redaksyon an, kòmanse nan paj 1. Yo baze Pati III a sou divès dokiman: Seksyon A nan Pati III a gen dokiman yo. Chak dokiman akonpaye ak yon kesyon oubyen plis. Nan ti liv egzamen an, ekri repons pou chak kesyon sou liy ki vin apre kesyon an. Sonje ekri non w ak non lekòl ou a nan premye paj seksyon sa a. Seksyon B nan Pati III a gen yon redaksyon ki baze sou dokiman yo. Ekri repons la pou kesyon sa a nan ti liv redaksyon an, kòmanse nan paj 7 la. Lè w fini egzamen an, se pou w siyen deklarasyon ki ekri sou fèy repons Pati I a. Deklarasyon an di ou pa janm konnen ni kesyon ni repons egzamen anvan ou konpoze epi ou pa ni bay poul ni pran poul pandan w tap konpoze. Yo pap aksepte fèy repons ou an si ou pa siyen deklarasyon sa a. Itilizasyon aparèy kominikasyon entèdi pandan egzamen sa a. Si ou itilize nenpòt aparèy kominikasyon, menm si se pou yon ti tan, egzamen ou an pap valab ankò e ou pap resevwa nòt pou li. PA OUVRI LIV EGZAMEN AN TOUTOTAN OU PA RESEVWA SIYAL LA POU OUVRI L. regents in global history and geography

Pati I Reponn tout kesyon nan pati sa a. Eksplikasyon (1 50): Pou chak deklarasyon oubyen chak kesyon, ekri sou papye repons apa a nimewo mo oubyen ekspresyon, yo ba w yo, ki ale pi byen ak deklarasyon an oubyen ki reponn kesyon an. 1 Ki tit ki ale pi byen ak deskripsyon an pati ki anba a? I. A. Bèt lanmè se yon gwo pati nan rejim Filipino yo. B. Afriken yo te konstwi izin idwoelektrik bò kote Rivyè Zambezi. C. Pi fò Ris viv nan lwès Montay Ural. D. Zòn ki pi peple nan Lend se Vale Rivyè Ganges. Sèvi ak kat anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 4 la. Anpi Morya ak Goupta GANDHARA Kaboul Hindu Kush Rivyè Endou O Rivyè Ganges Mòn Imalaya Pataliputra XIZANG (TIBÈ) (1) Rivyè Se Baryè pou Entèdepandans (2) Pwoblèm Ekonomik gen Enfliyans sou Objektif Nasyonal yo (3) Jeyografi Afekte Konpòtman Moun (4) Gouvènman yo Kontwole Aksyon Sitwayen yo Lanmè Arabi Rivyè Namada Plato Deccan KALINGA Bè Bengal 2 Plèn Siberi Dezè Sahara Basen Amazòn Preri Mongoli yo Yon karakteristik zòn sa yo gen ki menm se yo tout (1) gen yon dansite popilasyon ki ba (2) yo plase ant gran vale rivyè yo (3) se gwo sant relijye (4) gen gran zòn ak tè agrikòl ki gen valè 3 Ki de sistèm kwayans ki pataje kwayans ki fè konnen gen lespri ki viv nan bagay natirèl ak nan fòm? (1) Endouyis ak Konfisyanis (2) Islam ak Jidayis (3) Chentoyis ak animis (4) Kretyènte ak Boudis Ekstansyon Anpi Morya 260 B.C. Ekstansyon Anpi Goupta 400 A.D. WAYÒM TAMIL SRILANKA Oseyan Endyen Sous : Ellis and Esler, World History: Connections to Today Prentice Hall, 2003 (adapte) 4 Ki jeneralizasyon sou Anpi Morya ak Goupta kat la kore? (1) Faktè jeyografik te limite ekspansyon. (2) Komès ede estabilite nan sosyete yo. (3) Sistèm wout yo ki te ale lwen ini Lend. (4) Sid Lend te izole ak Nò Lend. Global Hist. & Geo. June 06 [2]

Sèvi ak desen ki anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 5 ak 6 yo. Sivilizasyon Elenistik Sivilizasyon Grèk Sivilizasyon Pès Sivilizasyon Elenistik Sivilizasyon Ejipsyen Sivilizasyon Endyen Sous : Guide to the Essentials of World History, Prentice Hall, 1999 (adapte) 5 Ki konsèp ki pi sanble ak lide prensipal desen an? (1) izolasyon (3) konfli ame (2) difizyon kiltirèl (4) ibanizasyon 6 Ki lidè yo pi asosye ak reyalizasyon yo montre nan desen an (1) Chalmay (Charlemagne) (2) Mansa Musa (3) Aleksann Legran (Alexander the Great) (4) Suleiman Lemayifik 7 Sèvi ak òganizatè grafik anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon sa a. Hagiya Sofia Fòm ak mozayik 8 Ki deklarasyon sou dinasti Tang la kise plis yon reyalite pase yon opinyon? (1) Avansman teknik yo te kapab pi gran si dinasti Tang la te rete pi long. (2) Pi bon anprè Lachin yo te sòti nan dinasti Tang la. (3) Anprè Tang yo bay etidyan ki pase egzamen yo djòb nan gouvènman an. (4) Kilti dinasti Tang la te siperyè pase sa dinasti Han la. Kòd Jistinyen Prezèvasyon kilti Grèk ak Women Ki tit ki pi ale ak òganizatè grafik sa a? (1) Reyalizasyon Arab yo (2) Siksè Sivilizasyon Mezo-Ameriken yo (3) Lalwa ak Achitekti Larisi (4) Siksè Bizanten yo 9 Pandan peryòd feyodal la nan Lewòp, pouvwa ak pozisyon te chita sou (1) valè lajan ou touche (2) nivo edikasyon ou rive (3) kantite esklav ou genyen (4) valè tè ou posede Global Hist. & Geo. June 06 [3] [KONTINYE]

Sèvi ak desen anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 10 la. Chak moun te gen devwa ak responsablite, dapre pozisyon li nan yon relasyon. Pran swen epi montre bon egzanp pou SIPERYÈ dirijan, mari, papa, gran frè ENFERYÈ sijè, madanm, pitit, tifrè Dwe lwayal epi obeyisan ak Sous: Guide to the Essentials of World History, Prentice Hall, 1999 (adapte) 10 Desen an montre relasyon ant moun nan yon sosyete dapre lide (1) Konfisiyis (Confucius) (2) Moyz (Moses) (3) Mòamèd (Mohammad) (4) Sidata Gotama (Siddhartha Gautama) 11 Retablisman komès nan Lwès Lewòp, tonbe feyodalis, retablisman enterè pou aprann, ak entèaksyon kiltirèl ant Mwayennoryan te asosye ak (1) enpak Kwazad yo (2) rezilta sistèm echanj la (3) kwasans Anpi Maya (4) monte Chalmay (Charlemagne) Sèvi ak sitasyon anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 12 la.... Sikonferans vil Konstantinòp la se dizwyut mil; Kontinan an bòne mwatye vil la; lanmè a bòne lòt mwatye a, de bra li rankontre la a; yonn yon branch oubyen yon debouche pou Larisi, lòt la pou lanmè Lespay la. Gran alevini ak mouvman egziste [domine] nan Konstantinòp akòz atwoupman [rankont] plizyè machann, ki sòti tout kote [vini la a] pa tè ak pa lanmè, nan tout kote nan lemonn pou vin fè komès, ladan yo komèsan Babilòn ak Mezopotami, Medya ak Pès, Ejip ak Palestin, tankou Larisi, Ongri, Patzinaki, Budia, Lonbadi, ak Lespay. Nan sans sa a se Bagdad metwopòl Maometan yo ki rivalize ak vil la.... Raben Benjamin ki viv nan Tudela, Manuel Komroff, ed., Contemporaries of Marco Polo, Boni & Liveright 12 Lotè sa a ta pi plis dakò ak lide (1) gwosè Konstantinòp te limite komès (2) vil lwès Lewòp yo te pi enpresyonan pase Konstantinòp (3) pozisyon Konstantinòp ede pwosperite li (4) gouvènman Konstantinòp la pa te kapab asire lòd 13 Pi fò richès Gana ak Mali wayòm Lafrik Lwès yo te fèt apati (1) vant esklav bay Ewopeyen yo (2) kreyasyon koloni sou kòt Mediterane a (3) taksasyon byen machann Enden yo achte (4) kontwòl komès lò ak sèl nan trans-saharyen an Global Hist. & Geo. June 06 [4]

Sèvi ak kat anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 14 ak 15 yo. Evolisyon Lapès Nwa nan Lewòp 14zyèm syèk la Jen 1350 Des. 1350 Des. 1349 Jen 1349 Des. 1348 Seviy Oseyan Atlantik Valans Jen 1348 0 0 Dublin York Leicester Norwich Lonn Bristòl Anje Bòdo Baselòn Durham Lancaster Kalè Monpelye MAJÒKA 250 500 Km. Pari 250 500 mi. Hamburg Kolòy Jen 1350 Èfòt Lyèj Wòzbèg Des. 1349 Estrasbou Nourembèg Jen 1349 Zirik Vyèn Milan Veniz Aviyon Gèn Masèy Piz Florans Syèn MINÒKA Des. 1347 Lamè Nò SADINYA Wòm Nap Jen 1348 Dibrovnik Mesina Des. 1347 SISIL Lamè Mediterane Lamè Baltik Des. 1350 Des. 1348 Des. 1347 KRÈT Vil oubyen zòn ki te prèske oubyen epaye nèt Evolisyon Lapès Nwa jan yo montre la nan yon entèval sis mwa Kafa Lamè Nwa CHIP Des. 1347 Sous : Robin W. Winks et al., A History of Civilization: Prehistory to the Present, Prentice Hall, 1992 (adapte) 14 Sou ki tèm jeyografik kat sa a chita? (1) Rejyon: Kòman Yo Fòme epi Change (2) Mouvman: Entèaksyon Moun sou Latè (3) Pozisyon: Pozisyon sou sifas Latè (4) Plas: Karakteristik Fizik ak Imen 15 Kat la montre Lapès Nwa (1) kòmanse nan Langletè ak Ilann epi gaye nan lès (2) gaye dousman sou plizyè dekad (3) afekte pi fò zòn nan lwès Lewòp (4) te pi grav nan Itali 16 Ki enpak vwayaj Mako Polo nan Lachinn nan te genyen ki te dire lontan? (1) Wout an swa yo ranplase wout dlo yo pou ale Lazi. (2) Chinwa yo te fòse Ewopeyen yo pou fè komès sèlman nan Pekin. (3) Lachin te izole ak lòt peyi yo. (4) Komès ogmante ant Lachin ak Lewòp. 17 Nan lwès Lewòp Katreven Kenz Tèz Martin Luther yo ak Ak Sipremasi Henri VIII la te mennen (1) lafen inite Kretyen (2) yon ranfòsman inite ekonomik (3) pi bon relasyon ant peyizan ak machann (4) mwens manifestasyon vyolan ant gwoup etnik yo Global Hist. & Geo. June 06 [5] [KONTINYE]

18 Leonardo DaVinci te itilize mouvman ak pèspektiv nan travay li. Liv Machyavèl la (Machiavelli) The Prince bay dirijan yo konsèy sou kòman pou genyen epi kenbe pouvwa. Disip Imanis yo egzamine sijè ki konsènen lemonn ak kilti klasik. Ki peryòd ki asosye ak deklarasyon sa yo? (1) Revolisyon Fransèz (2) Renesans (3) Kòmansman Mwayennaj (4) Syèk Limyè a 19 Pandan 15 zyèm syèk la, ki de peyi Ewopeyen ki te kòmanse vwayaj eksplorasyon yo nan lanmè? (1) Lalmay ak Itali (2) Pòtigal ak Lespay (3) Langletè ak Lafrans (4) Larisi ak Laolann Sèvi ak sitasyon anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 20 an.... Alafen, nou mete ansanm tout sa nou te di, ki si bon epi si jis [enpòtan], sou otorite wayal. Nou te wè yon gran nasyon ini anba yon sèl moun : nou te wè pouvwa sakre li, patènèl epi nèt ale: nou te wè rezon sekrè ki dirije kò politik la, chita nan yon tèt: nou te wè imaj Bondye nan Wa yo, epi nou pral gen lide sou majeste yon wayote. Bondye se sen, li se bonte, li se pouvwa, li se rezon. Nan bagay sa yo nou jwenn majeste diven an. Nan imaj yo nou jwenn majeste prens la.... Jazques-Benigne Bossuet 20 Ki filozofi gouvènman sitasyon sa a montre? (1) oligachi (3) demokrasi (2) fachis (4) dwa diven Sèvi ak dyagram anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 21 an. mayi pòmdetè patat pwa pistach squashes joumou Sòti Lamerik pou tonbe Lewòp, Lafrik ak Lazi tomat piman pike zaboka anana chocolat tabak kinin (yon remèd) ble sik bannann diri rezen (diven) dandliyon cheval cochon Sòti Lewòp, Lafrik, ak Lazi pou rive Lamerik yo ti bèf kabrit mouton poul varyòl lawoujòl typhus Sous : Goldberg and Clark DuPré, Brief Review in Global History and Geography, Prentice Hall, 2002 (adapte) 21 Ki pi bon tit pou dyagram sa a? (1) Sistèm Enkomyennda (3) Wout Swa (2) Echanj Kolonbyen (4) politik Louvri Pòt 22 Aztèk yo ki te sèvi ak almanak epi sistèm ekriti Maya yo tou de montre kilti yo anvan peryòd Kolon nan Amerik la (1) te fè anpil komès ak Lafrik (2) te devlope anvan kontak Ewopeyen (3) te diminye akòz envazyon ak maladi (4) te konvèti lòt moun nan Islam 23 De Trete Gouvènman Locke yo, Kontra Sosyal Rousseau a epi Lespri Lwa Montesquieu yo sete travay ki te ekri pandan ki peryòd? (1) Mwayennaj yo (3) Syèk Limyè (2) Renesans (4) Refòmasyon Global Hist. & Geo. June 06 [6]

Sèvi ak kat anba epi ak konesans ou nan syans sosysal pou reponn kesyon 24 la. Kòmès Esklav Afriken Agen Gore FOUTA TORO SENEGAMBI ASANTE Freetown Koumasi LETA HAUSA OYO DAOME BORNOU OSEYAN ATLANTIK Akra COSTA DE ORO KONGO Luanda Malendi Mombasa Koloni Ewopeyen nan zòn lakòt yo ANGOLA Mozanbik Laolann Franse Pòtigèz Angletè Wout komès esklav O N S E Ca Sofaia OSEYAN ENDYEN Sous: Ellis and Esler, World History: Connections to Today, Prentice Hall (adapte) 24 Ki deklarasyon sou komès esklav nan Lafrik kat sa a montre? (1) Pi fò esklav yo sòti nan lès Afrik. (2) Pat gen anpil moun yo te pran Lafrik pou mennen nan lòt kontinan. (3) Plizyè peyi Ewopeyen te patisipe nan komès esklav la. (4) Komès esklav la te kòmanse nan sid Lafrik. 25 Kisa ki te yon kòz prensipal Revolisyon Fransèz la? (1) inegalite nan estrikti taks la (2) siksè ekonomik mèkantilis la (3) echèk Kongrè Vyèn nan (4) sistèm kontinantal nan Lewòp 26 Gouvènman Angle a te pran kontwòl Kanal Syèz la ak Singapou pandan 19vyèm syèk la pou (1) vann petwòl bay teritwa sa yo (2) jwenn plis moun ki konvèti nan Kretyentè (3) asire pasaj san danje nan wout sou dlo estratejik yo (4) transpòte travayè dirèkteman nan Amerik 27 Rebelyon Sepoy la te reprezante pou Lend menm sa Rebelyon Boksè a te reprezante pou (1) Larisi (3) Japon (2) Lachin (4) Itali 28 Yon rezon ki eksplike endistriyalizasyon rapid Japon pandan Restorasyon Meiji a se akòz Japon te (1) rejte lide Lwès yo (2) itilize aksè li ak lanmè pou peche (3) chita sou politik izolasyonis tradisyonèl (4) refòme sistèm politik ak ekonomik li yo Global Hist. & Geo. June 06 [7] [KONTINYE]

29 Kisa ki te premye kòz Premye Gè Mondyal la nan Lewòp? (1) kòmansman lagè sivil nan Larisi (2) nofraj navi Angle, Lusitania (3) asasina eritye twòn Anpi Ostro-Ongri a (4) atak lame Alman an sou Polòy 30 Anba kominis nan ansyen Inyon Sovyetik yo te mande moun yo pou (1) rejte teknoloji modèn (2) limite kantite moun nan fanmi an (3) onore zansèt yo ak tradisyon relijyon yo (4) mete enterè leta a devan avantaj pèsonel 31 Plizyè istoryen kwè tèm di yo ou te jwenn nan Trete Vèsay la te ede mennen nan (1) inifikasyon Itali (2) modènizasyon la Tiki (3) revolisyon yo nan Larisi (4) Dezyèm Gè Mondyal 32 Jozèf Estalin te aplike ki pwogram ekonomik? (1) Kat Modènizasyon (2) plan senk lane yo (3) Gran Pa Annavan (4) perestwoyika 35 Yon rezon ki fè Chinwa Kominis yo te kapab pran kontwòl Lachin se te premyeman akòz sipò (1) peyizan yo (3) etranje yo (2) boujwa ki posede tè (4) chèf lagè yo 36 Lend te fè preparasyon detaye pou Lagè ak Pakistan yè, malgre ofisye gwo grad yo di operasyon atak yo dwe tann tanperati ete sèch yo ak gwo lapli a ki vin apre a fini.... The Daily Telegraph (Lonn), 21 Me, 2002 Ki konklizyon ki chita sou pasaj sa a? (1) Atak militè reyisi souvan akòz gwo lapli yo. (2) Pakistan pral detwi ak inondasyon epi sechrès. (3) Faktè jeyografik yo kapab enfliyanse desizyon militè yon nasyon. (4) Komès gen yon gran konsekans sou lavi politik nan Lend. Sèvi ak foto anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 37 la. 33 Yon rezon ki fè Japonè yo te swiv yon politik ekspansyonis anvan Dezyèm Gè Mondyal la se te pou jwenn (1) pò dlo cho yo (2) kontwòl Tibè (3) resous natirèl anplis (4) kontwòl Kanal Syèz 34 Kore Divize nan 38tyèm Paralèl Revolisyon Ongri a Kraze Yo dekouvri Sit Misil nan Kiba Evenman nan tit sa yo te kontribye nan (1) devlopman alyans nan tan lapè (2) eklatman Inyon Sovyetik (3) nasyon Lwès yo rejte enperyalis (4) tansyon ant gwo pisans yo Pool Photo by Natalie Behring Chisholm Loya Jirga louvri : Delege fanm nan gran konsèy afgan an nan Kaboul [Afganistan] li yon deklarasyon ofisyèl ansanm pandan ouvèti sesyon an madi. Gen 200 fanm sou 1,551 delege nan konsèy la, ki pral chwazi pwochen gouvènman Afgan an. Sous : Copeland ak Komarow, USA Today, 12 jen 2002 37 Kisa ki te yon kòz dirèk evenman yo montre non foto sa a? (1) defèt gouvènman Taliban yo ap kontwole a (2) monte Ayatola Komeni (Ayatollah Khomeini) (3) siyati Akò Kan David yo (4) troup sovyetik yo rale kò yo Afganistan Global Hist. & Geo. June 06 [8]

Sèvi ak kat anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 38 la. ISLANN Manm OTAN yo Lanmè Nòvèj JWENN KLÈB LA? OTAN gen delè Novanm pou konnen si l ap aksepte nèf kandida nan alyans la. Kandida OTAN yo Etazini ak Kanada (yo pa montre) se manm NÒVÈJ FENLANN PÒTIGAL ILANN DINÒ ILANN LESPAY WAYÒM INI FRANS LAOLANN BELJIK LIKSANBOU LASWIS DANMAK ALMAY ITALI SYÈD REPIBLIK CHÈK OTRICH KALI POLÒY SLOVAKI ONGRI SLOVENI KWOATI BOSNI ÈZ HERZ YOUGO LESTONI LITIANI LATVI BILGARI MASEDWAN ALBANI BYELARIS ROUMANI IKRÈNN MOLDAVI LARISSI Lamè Nwa TIKI GRÈS Lanmè Mediterane Sous: The Washington Times, 15 avril 2002 (adapte) 38 Ki konklizyon sou Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (OTAN) ki kapab fèt dapre kat 2002 sa a? (1) OTAN te konsidere pran plis ansyen peyi satelit sovyetik yo kòm manm. (2) OTAN te gen mwens manm pase Pak Vasovi a. (3) OTAN pa aksepte nouvo manm. (4) OTAN te pran anpil manm Lazi. 39 Kòman kèk gouvènman Ameriklatin jistifye destriksyon forè twopikal yo? (1) Elvaj bèt, plante, ak eksplwate forè twopikal la kapab ede ekonomi a. (2) Fabrikan yo pa sèvi ankò ak latèks pye bwa forè twopikal yo pwodwi. (3) Moun k ap viv nan forè twopikal yo ap deplase nan vil yo. (4) Trafik dwòg ap desann lè pa gen pwoteksyon forè twopikal yo ankò. 40 Ki nasyon ki te gen pi gran enfliyans sou dènye istwa Taywan, Hong Kong, ak Tibè? (1) Lend (3) Lachin (2) Koredisid (4) Larisi Global Hist. & Geo. June 06 [9] [KONTINYE]

Sèvi ak karikati anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 41 an. KONFERANS NASYONZINI SOU O SIJÈ PWOBLÈM KAS NAN SISTÈM LEND LA? RASISYO PA KA MANYEN 44 Yon resanblans nan règ Jil Seza (Julius Ceasar), Gengis Khan, ak Katrin LeGran (Catherine the Great) sèke chak lidè (1) te egzije itilizasyon Laten nan tout anpi a (2) te angaje nan ekspansyon teritwa (3) te vini ak itilizasyon poud kanon nan lagè (4) te ankouraje gaye mouvman endepandans yo 45 Fèmye Enka yo ak fèmye Japonè yo te adapte yon karakteristik jeyografik pou peyi yo lè yo (1) angaje nan ekspansyon lòt bò lanmè (2) plante rekòt ki ale ak klima dezè yo (3) konstwi teras nan arebò montay yo (4) Konstwi dig pou jwenn tè ki nan lanmè yo Sous: Ann Telnaes, Tribune Media Services, 2001 (adapte) 41 Ki lide prensipal karikati sa a? (1) Modèl sosyal ak ekonomik tradisyonèl difisil pou chanje. (2) Fanm vinn tounen sipòte sensè gouvènman Lend la. (3) Nasyonzini fè konferans sèlman sou pwoblèm ki fasil pou rezoud. (4) Lend se nasyon ki pi peple nan lemonn. 42... Nou pa kapab epi pa dwe pèmèt mesaj Iwochima (Hiroshima) ak Nagazaki a efase nèt nan lespri nou, epi nou pa kapab pèmèt vizyon nou ak ideyal nou pèdi tou. Paske si sa rive, nou genyen yon sèl bagay ki t ap rete pou nou. Epi zèklè limyè sa a p ap sèlman volè vizyon nou, men l ap volè vi nou yo, timoun nou yo desandan yo epi tout egzistans nou. Tadatoshi Akiba, Majistra Iwochima Ki pwoblèm ki pi konsènen Majistra Akiba? (1) rediksyon kouch ozon nan (2) tretman maladi enfektyez (3) pwoliferasyon nikleyè (4) teyoris entènasyonal Sèvi ak pasaj anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 46 la.... Istwa tout sosyete ki egziste jiska prezan se istwa lit klas. Moun lib ak esklav, nòb [yon moun ki sòti nan granras] ak pèp la [moun òdinè], mèt ak sèvitè, jeran ak atizan, nan yon mo, opresè ak oprime, te kanpe toutan nan opozisyon yonn ak lòt, t ap mennen yon goumen ki pa janm fini, yon lè li kache, yon lè li louvri, yon goumen chak fwa ki te fini, oubyen nan yon rekonstitisyon revolisyonè tout sosyete a oubyen nan detriksyon dabitid klas k ap lite yo [konkirans].... 46 Pasaj sa a eksprime lide (1) Napoleyon Bonapat (Napolean Bonaparte) (2) Kal Maks (Karl Marx) (3) Adòf Itlè (Adolf Hitler) (4) Benito Misolini (Benito Mussolini) 47 Yon resanblansnan inifikasyon Itali a, mouvman Zyonis la, ak separasyon Anpi Otoman an sèke chak te enfliyanse pa (1) imanis (3) nasyonalis (2) politeyis (4) enperyalis 43 Ki anpi ki te vinn pisan an pati akòz pozisyon li tou pre Lanmè Mediterane a? (1) Lalmay (3) Ming (2) Maya (4) Otoman Global Hist. & Geo. June 06 [10]

Sèvi ak kat anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 48 la. Sarai Karakorum Samarkand Peken Bagdad Deli Hangzhou Oseyan Pasifik Nò Tè anba lalwa Anpi a N Fwontyè aktyèl O E 0 2000 km S Oseyan Endyen Sous: http://www.artsmia.org/arts-of-asia/china/maps/ (adapte) 48 Ki anpi kat la santre sou li? (1) Mongòl (3) Women (2) Songay (4) Pès 49 Pati Nazi a kontwole Lalmay. Khmer Wouj ap dirije non Kambòdj. Sandinis yo kontwole Nikaragwa. Ki deklarasyon ki montre yon resanblans nan sitiyasyon sa yo? (1) Libète Sivil te ankouraje. (2) Fanm te gen dwa vote. (3) Lidè yo gen sipò tout gwoup. (4) Yon gwoup sezi pouvwa a epi limite opozisyon an. 50 Yon konparezon ant aksyon Jakoben yo pandan Revolisyon Fransèz a ak aksyon Bòlchevik yo pandan Revolisyon Ris yo montre revolisyon kèk fwa (1) fèt nan lapè (2) jwenn sipò propriyetè tè ki rich yo (3) mete sou kote travayè lavil (4) mennen radikal yo sou pouvwa Global Hist. & Geo. June 06 [11] [KONTINYE]

Repons kesyon redaksyon an dwe ekri nan yon ti liv redaksyon apa a. Nan devlopman repons ou pou Pati II, a asire ou panse ak definisyon jeneral sa yo: diskite vle di fè obsèvasyon sou yon bagay pandan w ap sèvi ak reyalite, rezonman, ak prèv; prezante ak kèk detay PATI II KESYON REDAKSYON TEMATIK Eksplikasyon: Ekri yon redaksyon byen òganize ki genyen ladan l yon entwodiksyon, plizyè paragraf ki pale de sa w gen pou fè anba a, ak yon konklizyon. Tèm: Konfli Sa w gen pou fè: Konfli yo ant gwoup moun te menase lapè nan plizyè nasyon ak rejyon. Idantifye yon konfli ki te menase lapè nan yon nasyon oubyen rejyon epi Diskite yon kòz prensipal konfli a Idantifye de gwoup opoze ki nan konfli epi diskite yon opinyon chak gwoup Diskite nan ki pwen konfli a te rezoud oubyen pa te rezoud Ou kapab pran nenpòt gwo konfli nan etid ou nan istwa global. Kèk lide ou ta vle konsidere konsènen Kwazad yo, Revolisyon Fransèz, Premye Gè Mondyal, Revolisyon Ris, Lagè Sivil Chinwa, patisyon Lend, politik apated nan Lafrikdisid, lagè sivil nan Wanda, ak Lagè Bosni. Ou pa bezwen rete sou lide sa yo sèlman. Pa sèvi ak konfli ki te fèt nan Etazini nan repons ou. Gid: Nan redaksyon ou, asire w Devlope tout aspè nan sa w gen pou fè Sipòte tèm nan ak reyalite, egzanp, ak detay ki enpòtan Itilize yon plan òganizasyon lojik epi klè; mete yon entwodiksyon ak yon konklizyon ki pa yon repetisyon tèm nan Global Hist. & Geo. June 06 [12]

NON LEKÒL Nan devlopman repons ou yo pou Pati III, a asire ou panse ak definisyon jeneral sa yo: diskite vle di fè obsèvasyon sou yon bagay pandan w ap sèvi ak reyalite, rezonman, ak prèv; prezante ak kèk detay PATI III KESYON BAZE SOU DOKIMNAN Kesyon sa a chita sou dokiman yo ki mache avèk li yo. Kesyon an la pou teste abilte w pou travay ak dokiman istorik. Kèk nan dokiman sa yo te revize pou kesyon sa a menm. Pandan w ap analyze dokiman yo, panse ak sous chak dokiman epi nenpòt opinyon ki te kapab prezante nan dokiman an. Kontèks Istorik: Revolisyon Endistriyèl la ki kòmanse nan Lewòp te chanje sosyete a nan plizyè fason. Kèk nan chanjman sa yo te pozitif alòske gen lòt ki te negatif. Sa w gen pou fè: Sèvi ak enfòmasyon nan dokiman yo epi ak konesans ou nan istwa global, reponn kesyon ki swiv chak dokiman nan Pati A a. Repons ou pou kesyon yo ap ede w ekri redaksyon Pati B a kote y ap mande w Diskite konsekans pozitif yo ak konsekans negatif yo Revolisyon Endistriyèl la te genyen sou sosyete Ewopeyen an Global Hist. & Geo. June 06 [13] [KONTINYE]

Pati A Kesyon ak Repons Kout Eksplikasyon: Analize dokiman yo epi reponn kesyon ak repons kout la ki swiv chak dokiman nan espas yo bay la. Dokiman 1a Dokiman 1b Moun k ap travay nan yon faktori lenn Fig. 3 Fig. 2 Fig. 1 Figi 1 Kad alamen. Figi 2 Tise ak wou alamen an. Figi 3 Vire ak wou alamen an. Sous : Richard Guest, A Compendious History of the Cotton Manufacture, Augustus M. Kelley, first published in 1823 (adapte) Sous : The Illustrated London News, 25 out 1883 1 Dapre foto sa yo, bay de chanjman nan jan yo te konn pwodwi twal. [2] (1) (2) Global Hist. & Geo. June 06 [14]

Dokiman 2... Nan vizite faktori, nou jwenn la a tout reyalite enpòtan ki se sibstitisyon faktory a sistèm domestik la, konsekans dekouvèt mekanik tan an. Kat gwo envansyon te chanje [pase men] sitiyasyon fabrikasyon koton an; jenny machin k ap vire a, Hagrevs te patante nan lane 1770; baraj dlo, Arkwright te envante yon lane anvan; mil Kronptonn nan [machin k ap vire a] yo parèt avè l nan lane 1779, epi mil ki travay pou kont li a, Kelly te envante anvan nan lane 1792, men ki te mete nan sèvis lè Robè te amelyore li nan lane 1825. Okenn nan yo pa t ap kapab pote gwo chanjman nan endistri a pou kont yo. Men nan lane 1769 lane kote Napoleyon ak Welintonn te fèt Jems Wat pran patant li pou machin ak vapè. Sèz lane apre sa te fèt pou fabrikasyon koton. Nan lane 1785 Boulton ak Wat te fè yon machin pou file koton nan Papplewick nan Notts, epi nan menm lane a patant Arkwright ekspire. Lè ou mete de evenman sa yo ansanm yo make kòmansman sistèm faktori a. Men envansyon ki pi grandyòz la nan tout, epi ki pi fatal pou endistri domestik la, machin pou tise a, malgre Cartwright te patante li nan lane 1785, te sèvi apre plizyè lane sèlman, epi lè yo vini ak machin pou tise a travayè a te fè aksidan raman. Premyeman, an reyalite, machin nan te ogmante lajan filè ak tisè yo akòz rannman li te pote nan komès la. Nan kenz lane komès koton an li menm triple[triple]; sòti 1788 rive 1803 yo te fè konnen sete laj lò li; poutèt, anvan machin mekanik la men apre yo vini ak mil la [machin kap vire a] ak lòt amelyorasyon mekanik ki pèmèt pou premye fwa fil ki ase bon pou fè mouslin[yon twal] ak diferan lòt twal te file, demann la te vin yon fason menm ansyen depot, charyo, kay chanmòt tout kalite te repare, kay gen tan konstwi, yo tout pou fè chòp pou tise, nouvo kotaj tisè ak chòp pou tise te parèt nan tout direksyon, chak fanmi ap pote lakay yo ant 40 ak 120 chillin pa semèn. Nan yon tan apre, kondisyon travayè a pat menm. Men, endistri fè a te sibi gwo chanjman tou ak envansyon min chabon ki te kòmanse sèvi ant lane 1740 ak lane 1750, epi ak aplikasyon nan lane 1788 machin vapè pou founo ak otè. Nan yon tan ki pi lwen, kantite fè ki te fabrike double pou kont li.... Sous : Arnold Toynbee, Lectures on the Industrial Revolution of the 18th Century in England, Humboldt (adapte) 2 Dapre dokiman sa a, kisa ki te de konsekans itilizason machin? [2] (1) (2) Global Hist. & Geo. June 06 [15] [KONTINYE]

Dokiman 3... Machin ak vapè mennen nesesite pa sèlman pou sipò yo men pou miltipliye yo. Yo kreye yon gwo demand pou gaz; epi, pandan yo prete bra pisan yo pou fouye pi pou rale wouy la, yo bay yon kantite minè, enjenyè, konstriktè bato, ak matlo travay, epi lakòz konstriksyon kanal yo pou ray tren yo: epi, pandan yo pèmèt zòn endistri rich yo kiltivite nèt ale, yo kite milye tè ki ka plante pou pwodwi manje pou moun, ki te pral nan lòt ka jwenn manje cheval. Anplis machin ak vapè, akòz yo pa chè epi yo toujou la, pou fè [pwodwi] machandiz ki pa chè, epi bay [jwenn] nan echanj yo yon gran kantite bagay nesesè ak konfòtab pou lavi, te pwodwi nan lòt peyi.... Sous : Andrew Ure, The Philosophy of Manufactures or an Exposition of the Scientific, Moral, and Commercial Economy of the Factory System of Great Britain, A. M. Kelley 3 Dapre dokiman sa a, ki de fason machin ak vapè te ede ekonomi a nan Grann Bretay? [2] (1) (2) Global Hist. & Geo. June 06 [16]

Dokiman 4 CHANJMAN ENDISTRIYÈL AK DEMOGRAFIK Dansite Popilasyon: Grann Bretay, 1801 Dansite Popilasyon: Grann Bretay, 1851 Moun pa kilomèt kare Moun pa kilomèt kare EKÒS 0 à 40 40 à 130 Plis pase 130 Vil yo Gran Vil EKÒS Aberdeen 0 à 40 40 à 130 Plis pase 130 Vil yo Gran Vil Mil Mil Kilomèt Dundee Kilomèt Edinbèg Glasgo Edinbèg Glasgo LANMÈ NWA Newcastle Sunderland LANMÈ NWA LANMÈ ILANDÈ Livèpoul Manchestè ANGLETÈ LANMÈ ILANDÈ Preston Bolton Livèpoul Salford Bradford Leeds Oldham Sheffield Manchestè ANGLETÈ Stoke-on-Trent Léicester WALES Bimingam WALES Birmingham Bimingam Nòwich Bristòl Lonn Bristol Brístol Lonn Southwark KANAL ANGLÈ KANAL ANGLÈ Sous : World Civilizations: Sources, Images, and Interpretations, McGraw Hill (adapte) 4 Dapre kat sa yo, bay yon chanjman ki te fèt nan Grann Bretay pandan Revolisyon Endistriyèl la. [1] Global Hist. & Geo. June 06 [17] [KONTINYE]

Dokiman 5... Chak gran vil gen yonn oubyen plis bidonvil kote klas travayè a anpile. Pafwa, asireman, ou ka jwenn malsite kache nan koulwa tou pre kay mèt rich yo. Dabitid, sepandan, travayè yo gaye nan distri separe kote y ap goumen ak lavi pi bon fason yo kapab lwen kote klas ki pi genyen nan sosyete a pa ka wè yo. Bidonvil vil Angle yo gen menm figi- pi vye kay nan vil ou jwenn nan pi vye distri yo. Lè sa posib yo gen kav ki sèvi kòm kote pou moun rete. Nòmalman yo se kay sou teras ak yonn oubyen de etaj ki bati ak brik sou yon tè san okenn plan. Ti kay sa yo ki gen twa oubyen kat pyès ak yon kwizin rele kotaj, epi nan tout Langletè, retire kèk pati nan Lonn, se kote klas travayè viv nòmalman. Wout yo menm dabitid pa asfalte epi yo gen twou. Yo sal epi fatra bèt ak manje gaye ladan yo. Kòm yo pa gen ni goutyè ni twou egou fatra yo fè pil ki monte santi. Lè nan bidonvil yo pa bon akòz mank planifikasyon ekstrèm zòn nan. Yon bon kantite moun rete ansanm nan ti zòn ki tou piti, kidonk li fasil pou imajine nati lè nan katye travayè sa yo. Men, lè tanperati abon yo itilize lari yo pou seche rad yo lave epi yo mete liy nan lari a sòti nan yon kay al nan yon lòt epi kwoke sa ki mouye ladan yo.... Sous: Friedrich Engels, The Condition of the Working Class in England, W.O. Henderson and W.H. Chaloner, eds., Stanford University Press 5 Dapre dokiman an, kisa Friedrich Engels te konsidere kòn de karakteristik kondisyon lavi klas travayè yo an Angletè? [2] (1) (2) Global Hist. & Geo. June 06 [18]

Dokiman 6 Edwin Chadwick te prezante yon rapò bay Palman an kòm sekretè yon komisyon ki te envestige sou kondisyon sanitè ak mwayen pou amelyore yo.... Premyeman, sou degre ak operasyon mal yo ki se sijè ankèt la:... Tout abitid pwòpte rankontre pwoblèm ak distribisyon dlo ki pa bon. Lavi ki pèdi pa lane akòz salte ak move lè pi plis pase lavi ki pèdi akòz lanmò oubyen blese nan lagè kote peyi a te angaje nan tan modèn. 43,000 ka fanm ki vèv, ak 112,000 ka òfelina ki nan mizè sòti nan to pòv yo nan Angletè ak Wels sèlman, sanble pi plis pwopòsyon lanmò chèf fanmi yo sòti nan kòz nou site anwo a ak lòt kòz ki pa gen rapò yonn ak lòt; laj yo te pi piti pase 45 lane, 13 lane anba pwobablite lavi natirèl jan yo montre eksperyans tout popilasyon Syèd la.... Sous : Edwin Chadwick, Report on an Inquiry into the Sanitary Condition of the Labouring Population of Great Britain, W. Clowes and Sons, 1842 6 Dapre dokiman sa a, bay yon efè negatif endistriyalizasyon sou travayè Grann Bretay yo. [1] Global Hist. & Geo. June 06 [19] [KONTINYE]

Dokiman 7 Flora Tristan te yon aktivis franse nan 19vyèm syèk epi yon manm klas travayè ki pi ba a. Nan lane 1843, li te ekri The Workers Union (Inyon Travayè yo).... 1. Konsolidasyon klas travayè a ak yon inyon, sere, solid, epi yo pa ka separe [yo pa ka divize]. 2. Reprezantasyon klas travayè a devan nasyon an pa yon defandè inyon travayè a chwazi epi peye, kidonk klas travayè a bezwen egziste epi lòt klas yo bezwen aksepte sa kòm reyalite. 3. Rekonèt men yon moun kòm yon pwopriyete lejitim. (Nan Lafrans 25,000,000 pwoletè gen men yo kòm sèl byen yo.) 4. Rekonèt lejitimite dwa tout gason ak tout fanm pou travay. 5. Rekonèt lejitimite dwa edikasyon moral, entelektyèl, ak vokasyonèl pou tout ti gason ak tout tifi. 6. Gade posiblite òganizasyon travay nan eta sosyal ki egziste a [kondisyon sosyal yo]. 7. Konstriksyon espas Inyon Travayè [bilding] nan chak depatman, kote timoun klas travayè yo t ap resevwa enstriksyon entelektyèl ak vokasyonèl, enfim ak granmoun tankou tou travayè ki blese nan travay kapab ale. 8. Rekonèt nesesite ijan pou bay fanm nan mas yo edikasyon moral, entelektyèl ak vokasyonèl pou yo ka vin tounen ajan moral pou gason nan mas yo. 9. Rekonèt prensip egalite dwa pou gason ak fanm kòm sèl [sèlman] mwayen pou fè inite nan imen an.... Sous : Flora Tristan, The Workers Union, University of Illinois Press (adapte) 7 Dapre dokiman sa a, bay de chanjman nan sosyete a Flora Tristan te kwè te nesesè pou klas travayè a. [2] (1) (2) Global Hist. & Geo. June 06 [20]

IL Dokiman 8 Pwason Dyab nan Dlo Ejipsyen yo BOERSLAND GIBRALTA OSTRALI CAP COLONY HELI GOLAND MALT ANGLETÈ ANN CHIP KANAL SYÈZ JAMAYI K EJYP KANADA LEND Sous : The British Empire in the Nineteenth Century, Highsmith, 2000 (adapte) 8 Ki konsekans Revolisyon Endidtriyèl karikati sa a montre? [1] Global Hist. & Geo. June 06 [21] [KONTINYE]

Pati B Redaksyon Eksplikasyon: Ekri yon redaksyon byen òganize ki genyen ladan l yon entwodiksyon, plizyè paragraf, ak yon konklizyon. Itilize prèv ki sòti nan pi piti senk dokiman nan redaksyon ou an. Kore repons ou ak reyalite enpòtan, egzanp, ak detay. Mete enfòmasyon anplis ki sòti lòt kote. Kontèks Istorik: Revolisyon Endistriyèl la ki kòmanse nan Lewòp te chanje sosyete a nan plizyè fason. Kèk nan chanjman sa yo te pozitif alòske gen lòt ki te negatif. Sa w gen pou fè: Sèvi ak enfòmasyon nan dokiman an epi ak konesans ou nan istwa global, ekri yon redakson kote ou Diskite efè pozitif ak efè negatif Revolisyon Endistriyèl la te genyen sou sosyete Ewopeyen an Gid: Nan redaksyon ou, asire w Devlope tout aspè nan sa w gen pou fè Mete ladan l enfòmasyon ki sòti pou pi piti nan senk dokiman Mete ladan l lòt enfòmasyon enpòtan Sipòte tèm nan ak reyalite, egzanp, ak detay ki enpòtan Itilize yon plan òganizasyon lojik ak klè; mete yon entwodiksyon ak yon konklizyon ki pa yon repetisyon tèm nan. Global Hist. & Geo. June 06 [22]

Koupe fèy papye sa a la a. Part I Part III A Total Part I and III A Part II Essay Part III B Essay Total Essay The University of the State of New York FOR TEACHER USE ONLY Final (obtained from conversion chart) REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI Mèkredi, 14 jen 2006 1:15 pou 4:15 apremidi, sèlman FÈY REPONS Gason Non Elèv la..........................................g/f: Fi Non Pwofesè a................................................... Non Lekòl la..................................................... Ekri repons ou yo pou Premye Pati a nan paj repons la, ekri repons ou yo pou Twazyèm Pati Seksyon A nan liv egzamen an, epi ekri repons ou yo pou Dezyèm Pati a ak Twazyèm Pati Seksyon B a nan yon lòt ti liv redaksyon apa a. Part I 1... 26... 2... 27... 3... 28... 4... 29... 5... 30... 6... 31... 7... 32... 8... 33... 9... 34... 10... 35... 11... 36... 12... 37... 13... 38... 14... 39... 15... 40... 16... 41... 17... 42... 18... 43... 19... 44... 20... 45... 21... 46... 22... 47... 23... 48... 24... 49... Koupe fèy papye sa a la a. Fò w siyen deklarasyon sa a lè ou fin pran egzamen an. 25... 50... No. Right Mwen konfime, lan fen egzamen sa a, mwen pa te wè okenn kesyon nan egzamen sa a epi mwen pa te okouran okenn repons nan egzamen sa a anvan jou egzamen an yon fason ki ilegal. Epi tou mwen pa ni bay ni m pat resevwa okenn poul pandan m ap pran egzamen an. Siyati

regents in global history and geography Koupe fèy papye sa a la a. Koupe fèy papye sa a la a. Global Hist. & Geo. June 06 regents in global history and geography